Patricia VILSAINT
Elyzée ZÉTREINE
02 Mar
02Mar

Radyo se youn nan mwayen kominikasyon ki pi enpòtan an Ayiti. Se yon zouti ki antre nan lavi chak jou popilasyon an, kit se pou enfòmasyon, edikasyon, oswa divètisman. Depi plis pase 70 lanne, radyo ap jwe yon wòl fondamantal nan fason Ayisyen kominike youn ak lòt.


Mo radyo a gen plizyè sans. Li ka vle di aparèy nou itilize pou koute emisyon yo, men li ka vle di tou estasyon kote yo pwodui epi difize pwogram yo. Radyo fonksyone gras ak vag elektwomayetik ki transmèt son nan lè a. Istwa radyo a kòmanse nan fen 19yèm syèk la, lè syantis tankou James Clerk Maxwell ak Heinrich Hertz te demontre ke vag elektwomayetik yo te kapab transmèt atravè lè a. An 1895, Guglielmo Marconi te reyisi voye premye siyal radyo a sou yon distans 1.5 kilomèt. An 1933, Edwin Howard Armstrong te envante radyo FM ki te ofri yon son pi bon kalite pase radyo AM. Sepandan, devlopman komèsyal radyo FM te retade pa Dezyèm Gè Mondyal la. 

Radyo parèt ann Ayiti nan lanne 1926 sou prezidans Louis Borno, pandan peryòd okipasyon ameriken an.  Radyo sila te rele HHS . Okòmansman, se te leta ak otorite yo ki te kontwole estasyon radyo yo. Yo te sèvi sitou pou bay enfòmasyon ofisyèl, mizik, ak mesaj gouvènman an. Menm si plizye moun nan epok la te konsidere li kom yon radyo kote yo ameriken yo te konn fe plis pwopagan. 

Avèk tan, radyo vin pran plis plas nan sosyete ayisyèn lan. Li chanje fason Ayisyen enfòme, edike, epi kominike. Paske li fasil pou itilize e li pa mande anpil mwayen, radyo rive antre nan tout kay, nan mache, nan lari, epi nan zòn riral yo. Li vin tounen yon vwa pou pep la. Nan ane 1980 ak 1990 yo radyo prive ak radyo kominotè yo make yon gwo etap nan istwa radyo ann Ayiti. 

Radyo sa yo te jwe yon wòl enpòtan nan demokrasi, nan edikasyon popilè, ak nan libète ekspresyon. Yo pèmèt sitwayen yo eksprime opinyon yo epi patisipe pi plis nan lavi peyi a. Nan kapital la, Pòtoprens, gen plizyè estasyon radyo ki vin tounen referans, tankou : Radio Caraïbes FM, Radio Métropole, Radio Vision 2000, Radio Kiskeya Radio Télé Ginen (RTG), Radio National d’Haïti (RNH) 

Jodi a, malgre devlopman entènèt ak rezo sosyal yo, radyo toujou kenbe plas li nan sosyete ayisyèn lan. Li kontinye enfòme, sansibilize, epi rasanble popilasyon an, sitou nan moman kriz ak ijans. Nou pa ka pale ak presizyon sou avni radyo ann Ayiti, men li klè li pral kontinye adapte l ak nouvo teknoloji, tankou podcast ak difizyon sou entènèt, pou kontinye sèvi popilasyon an. 

Pou fini, radyo ann Ayiti pa sèlman yon mwayen kominikasyon, men yon enstitisyon sosyal. Depi aparisyon li jouk jounen jodi a, li toujou jwe yon gwo wòl nan enfòmasyon, edikasyon, ak defans libète ekspresyon. Malgre chanjman teknoloji yo, radyo an Ayiti toujou vivan, e li toujou gen yon plas enpòtan nan lavi pèp la. 

Commentaires
* L'e-mail ne sera pas publié sur le site web.