Watson Morissete
27 Mar
27Mar

Radyo ak televizyon piblik yo toujou gen yon plas enpòtan nan lavi yon peyi. Yo sèvi pou enfòme popilasyon an, edike li, epi mete an valè kilti nasyonal la. An Ayiti, de enstitisyon ki pote misyon sa a se Radyo Nasyonal Dayiti (RNH) ak Televizyon Nasyonal Dayiti (TNH). Depi plizyè deseni, yo jwe yon wòl kle nan kominikasyon ant Leta ak sitwayen yo.

Radyo Nasyonal Dayiti devlope nan mitan 20yèm syèk la, nan yon epòk kote radyo te prensipal mwayen enfòmasyon nan peyi a. Sitou nan zòn riral yo, kote lòt mwayen kominikasyon te prèske pa egziste, radyo te vin tounen sèl sous nouvèl pou anpil moun. Se nan kontèks sa a, nan lane 1977, Leta te mete sou pye RNH, pou li te ka difize enfòmasyon ofisyèl, kominike desizyon li yo, epi ranfòse prezans li sou tout teritwa a. 

Pandan peryòd diktati François Duvalier ak Jean-Claude Duvalier, radyo a te sèvi anpil kòm zouti pwopagann. Li te difize diskou gouvènman an epi li te limite lòt opinyon. Men, malgre sa, li te kontinye gen yon enpak sou sosyete a. Li te enfòme popilasyon an, li te ankouraje pwogram edikatif, epi li te bay plas a kilti ayisyèn, sitou atravè mizik ak emisyon an kreyòl. 

Nan menm lojik sa a, Televizyon Nasyonal Dayiti (TNH) te kreye 23 desanm 1979 anba gouvènman Jean-Claude Duvalier. Se te yon etap enpòtan nan devlopman kominikasyon an Ayiti, paske li te pote imaj ansanm ak son. Objektif li te klè: bay Leta yon zouti pou kominike pi lajman, kontwole enfòmasyon, epi mete an valè idantite nasyonal la. Apre 1986, ak fen diktati a, RNH te antre nan yon nouvo faz. Li te vin pi ouvè, ak plis divèsite nan pwogram li yo, menm si li toujou rete yon medya Leta. Yon gwo chanjman rive an 1987, lè Leta ayisyen deside mete ansanm RNH ak TNH pou fòme Radio Télévision Nationale d’Haïti (RTNH). 

Fizyon sa a te fèt pou amelyore jesyon medya Leta yo, rann kominikasyon pi efikas, epi ofri yon sèvis piblik ki pi estriktire. Depi lè sa a, RTNH vin tounen yon enstitisyon santral nan difizyon enfòmasyon ofisyèl, edikasyon sivik ak pwomosyon kilti. Nan kòmansman li, TNH te sèvi sitou pou pwopagann politik. Men li te gen tou yon dimansyon edikatif ak kiltirèl. Li te difize pwogram sou kilti ayisyèn, emisyon edikatif, ak evènman ofisyèl peyi a. 

An 1995, li te pase anba responsablite Ministè Kilti, sa ki te ede bay li yon oryantasyon plis piblik ak kiltirèl. Jodi a, RNH ak TNH kontinye jwe yon wòl enpòtan nan sosyete ayisyèn nan. Men yo ap fè fas ak plizyè defi, tankou mank finansman, ekipman ki demode, kesyon endepandans editoryal, ak konpetisyon ak medya prive ak rezo sosyal yo. 

Nan dat 12 fevriye 2025, Leta te mete sou pye yon komisyon teknik pou reflechi sou restriktirasyon medya sa yo pou amelyore fonksyònman yo. Anplis, TNH ap antre nan yon pwosesis tranzisyon nimerik, sa ki pral pèmèt li modènize difizyon li epi adapte li ak nouvo teknoloji. 

Radyo Nasyonal Dayiti ak Televizyon Nasyonal Dayiti pa sèlman zouti kominikasyon. Yo se enstitisyon ki make lavi sosyal ak kiltirèl peyi a. Depi kreyasyon yo jouk jounen jodi a, yo kontinye enfòme, edike, epi pote vwa Leta bay popilasyon an. Malgre tout defi yo, yo rete esansyèl pou devlopman yon sosyete ki byen enfòme ak angaje.

Commentaires
* L'e-mail ne sera pas publié sur le site web.